Skip to product information
1 of 1

Dr. Andre L Pardo

Malfini-Byenfini

Malfini-Byenfini

Regular price €69,95 EUR
Regular price Sale price €69,95 EUR
Sale Sold out
Shipping calculated at checkout.
Format
Quantity

Imajine w te fèt nan yon paradi, Ewopeyen sivilize yo te vin transfòme an yon lanfè. M ap pale de on ti bout tè, AyTi, nan mitan yon gran basen dlo, anvayisè yo te rive pataje an de. Yon ti bit tè zansèt vanyan nou yo - fanm kou gason (oprese yo) tout koulè - te sakrifye lavi yo kite pou nou an eritaj. Se te grasa tèt kole yo te fè ki te pèmèt yo ba nou yon espas kote nou te mèt tèt nou, Ayiti!

Imajine: trèt, vandè peyi, fo nasyonalis, anbisye, ti grangou, ti visye, yon bann ak yon pakèt enkonsyan ti soufrisken; yo tout ap konplote san panse kont enterè pwòp peyi yo. Pou Ayisyen sa yo, yon gouvènman se tankou yon chemiz: mete jodi; chanje denmen. Gen nan elekte yo (mwen pa ekri elektè) menm ki panse peyi a se jaden papa yo. Kidonk, enterè pa yo se pòch yo !


Kit se gouvènman an, kit se pèp la, an jeneral (Tout klas moun san eksepsyon), youn pa vrèman konn wòl li. Mouvman inyon ki te etabli yo kòm pèp souvren an disparèt, e y ap viv nan yon hing-hang etènèl. Se toujou youn lonje dwèt sou lòt. Twò souvan, Ayisyen an pa janm vle pran responsablite li. Se toujou fòt yon lòt . . ., se pa janm fòt li. Politisyen ayisyen an se yon konesè konplekse, sipèstisye ki anbrase tout fo rezon, eksepte lavérité. Anrezime, li pa vrèman konprann anyen nan anyen: je pete klere!


Kounye a, imajine w anfas kolonn mechan sa yo, bann san pitye sa yo . . ., san matirite ! Imajine tout kapasite peyi a deyò, epi enkapasite menm andedan, li ap fè dega. Kidonk, se grasa mantalite frivòl sa yo tou nou, ki tounen Dyaspora, pèdi yon peyi !


Imajine w ap panse sou tout move kòz sa yo ki kenbe ti paradi w la yon lanfè. Epi, panse w yo transfòme an yon zwazo ki kapab vole sou tèt Ayiti epi gade vérité yo anba. Imajine w ap viv yon kochma nan je klè, dlo nan je - Malfini-Byenfini!



Author: Bob Lapierre
Publisher: Dr. Andre L Pardo
Published: 08/18/2022
Pages: 378
Binding Type: Hardcover
Weight: 3.31lbs
Size: 11.00h x 8.50w x 1.13d
ISBN: 9781088068137
Language: Haitian French Creole
Large Print

About the Author
Lapierre, Bob: - "Otè a André Lapierre Pardo (a.k.a Bob Lapierre) se yon Tèspyen. Li ekri plizyè liv fiksyon: Drama, Kont, Istwa, Lejann, Fòlklò ak Mitoloji. Plis pase tout lòt bagay, li vle prezève ak konsève tout sa ki fè pati eritaj kiltirèl ayisyen. Eksperyans li se nan kreyasyon ak nan prezantasyon teyatral tankou drama ak pèfòmans sou sèn, premye klas epi fowòm kiltirèl an jeneral. Nan domenn teyat la, anplis de eksperyans sou sèn, Bob kolekte tout diplòm yo, AA, BA, MA, ak jiska Ph.D. Pi gwo rèv Bob se pou li te vin Minis Kilti nan peyi kote li te fèt la. Malerèzman, politik ak enkonpetans te detwi vizyon li.Li se yon Pwofesè. Li ekri liv pou anseye, pataje kilti ak istwa. Li prezeve sa ki neglije ak sa ki rejete pa ignorans dinamik. Li ekri liv timoun tou ki gen ladan yo istwa ki pi popilè pou jenn yo an Ayiti tankou TEZEN yon klasik etènèl, ak yon koleksyon liv kont tankou "Bouki ak Malis" ou "Jan Sòt ak Jan Lespri," ak anpil lòt ankò, e pami yo: -The Ayitian Theater-Reclaiming Choukoun-Bonhomme Coachi: Faustin 1er-Senekè-Endepandans 1804-2004 -Savannah or Chasseurs Volontaires de Saint- Domingue - 1779.-Duvalier Toutouni / Duvalier Tout Nu -ak anpil lòt 'closet-plays' tankou Ebony: The Black Rose, a tale of Antwan Lan Gomye. -Comparative Linguistics (The birth of Creole), epi kounye a: -MALFINI-BYENFINI"

This title is not returnable

View full details