Evoke180 LLC
Silans Konfyans: Yon Lanmou San Fontyè
Silans Konfyans: Yon Lanmou San Fontyè
Couldn't load pickup availability
Nan Silans Konfyans, Sherley Louis pran tan li, li ranmase tout bon sans li pou li mete nou an kontak avèk divès ale vini ki alimante kouran lespri.
Jounal Entim Sherley Louis a se yon pwomnad nan mitan yon jaden ki ap fleri pou byennèt chak moun, lwen tout kalite limitasyon sosyal. Divès restriksyon otè a denonse yo, se movezèb ki ap toufe juisans plezi viv. Se poutèt sa, li pote kòd nèf ak bon jan bokit pou li tire dlo ki kab rafrechi lizyè panse perime, ki kontinye ap pran rasin nan yon sosyete ki ap evolye pi plis chak jou.
Silans Konfyans se premye liv, nan kategori Jounal Entim, ki soti nan Koleksyon Koukouy. Jiskaske rechèch yo pwouve lekontrè, nou kab di: Silans Konfyans se premye liv ki pibliye nan kategori Jounal Entim nan literati Kreyòl Ayiti a.
Author: Sherley Louis
Publisher: Evoke180 LLC
Published: 01/22/2023
Pages: 130
Binding Type: Paperback
Weight: 0.35lbs
Size: 8.50h x 5.50w x 0.35d
ISBN: 9781737782698
Language: Haitian French Creole
This title is not returnable
Share
